Accessibility links

Breaking News

Oganizasyon Entènasyonal Travay (OET) Krenn pou Lagè Ikrèn nan Pa Divize Ekonomi Mondyal la


Firefighters are seen through a destroyed apartment window as they work to extinguish a fire after a Russian attack in Kharkiv, Ukraine.
Firefighters are seen through a destroyed apartment window as they work to extinguish a fire after a Russian attack in Kharkiv, Ukraine.

Oganizasyon Entènasyonal Travay (OET) lanse yon avètisman, madi 12 avril la, pou l di lagè Larisi ap mennen nan Ikrèn nan diminye chans pou komès mondyal la fè pwogrè e li atire atansyon sou posiblite pou ekonomi mondyal la vin divize ant blòk rival ki pran pozisyon diferan sou konfli a.

Oganizasyon an fè konnen lagè a kapab pwovoke yon gwo bès nan kwasans komès mondyal la ane sa a alòske an menm tan li ka bese kwasans pwodui nasyonal bri a (PNB).

Direktè Jeneral OET la, Ngozi Okonjo-Iweala (moun Nijeray), ki t ap bay yon konferns pou laprès nan katye jeneral la nan Jenèv, an Suis, deklare:

“Se pa le moman pou yon peyi fèmen kò l sou tèt li. Lè gen kriz, plis komès nesesè pou garanti estabilite, aksè egal-ego ak pwodui premye nesesite yo. Restriksyon sou komès reprezante yon menas pou byennèt fanmi yo ak biznis yo, epi sa rann pi difisil travay pou rekonstrui yon ekonomi dirab apre KOVID-19 la. “

XS
SM
MD
LG