Accessibility links

Breaking News

Volodymyr Zelenskyy Mande Inyon Ewòp la pou li Mete Sanksyon sou tout Bank Ris

Ukrainian President Volodymyr Zelenskyy addresses South Korean parliament via video link, as Russia's attack on Ukraine continues, in Kyiv, Apr. 11, 2022. (Ukrainian Presidential Press Service/Handout via Reuters)

Prezidan Ikrèn Volodymyr Zelenskyy mande Inyon Ewòp la pou li mete sanksyon sou tout bank ris e bloke enpòtasyon petwòl ris, nan dènye apèl li jodia pou ede mete fen nan envazyon LaRisi a nan Ikrèn.

Zelenskyy ki t-ap pale nan video ak palmantè nan peyi Lituani, deklare ke si nasyon yo ann Ewòp kontinye fè komès ak LaRisi, lidè ris yo ap "konnen yo pa resevwa okenn pinisyon."

Nasyon manm Inyon an yo enpoze plizyè seri sanksyon ki vize otorite ak biznis ris yo, men yo renka pou yo ta koupe byen vit enpòtasyon gaz natirèl ak petwòl ki ap soti nan LaRisi, jan Zelenskyy ap ankouraje yo fè a. Kèk lidè ann Ewòp eksprime kè-sote sou jan aksyon konsa ta afekte ekonomi yo paske yo konte sou materyèl enèji ris pou yo fonksyone.

XS
SM
MD
LG