Accessibility links

Breaking News

Lèzetazini Ranfòse Demonstasyon Milite Li nan Moman Kore di Nò ap Teste Pi Gwo Zam


FILE - U.S. and South Korean army soldiers pose on a floating bridge on the Hantan river after a river crossing operation, part of an annual joint military exercise between South Korea and the United States in Yeoncheon, south of the demilitarized zone th
FILE - U.S. and South Korean army soldiers pose on a floating bridge on the Hantan river after a river crossing operation, part of an annual joint military exercise between South Korea and the United States in Yeoncheon, south of the demilitarized zone th

SEWOUL, KORE DI SID - Yon pòtavyon ameriken pwoche tou pre kòt Kore di Sid pou la premye fwa depi 2017, kòm dènye demonstrasyon an dat fòs militè Lèzetazini apre yon tès misil long-pòte Kore di Nò te fè sa pa gen lontan.

Gwoup datak pòt-avyon The USS Abraham Lincoln nan rive pre pati lès vil Ulsan, nan payi sidès Kore di Sid, e li byen kapab rete la pandan 3 a 5 jou, dapre sa ajans nouvèl Yonhap rapòte madi 12 avril la.

Ajans nouvèl Reuters, ki site yon otorite ameriken li pa nonmen, fè konnen gwoup datak pòtavyon an twouve li nan Lanmè Lès la ki rele tou Lanmè Japon an, kote l ap fè egzèsis avèk fòs militè japonè yo “pou rebay alye ak patnè yo konfyans nan rejyon an.”

Yon pòtpawòl lame sid-koreyèn nan, ki t ap bay yon pwendeprès, deklare li okouran prezans pòtavyon ameriken an nan dlo enènasyonal yo, tou pre Kore di Sid, men li pa apwopriye pou l fè plis kòmantè sou gwo atou militè ameriken sa a.

Lèzetazini pa t fè yon pòtavyon li pase tou pre kòt Kore di Sid depi 2017, ane kote relasyon li ak Kore di Nò te espesyalman chaje tansyon.

XS
SM
MD
LG