Accessibility links

Breaking News

Kore di Nò Lanse yon Misil Balistik Entè-Kontinantal Jodi Jedi a

This undated picture released from North Korea's official Korean Central News Agency (KCNA) on March 10, 2022, shows North Korean leader Kim Jong Un, center, inspecting North Korea's National Aerospace Development Administration in Pyongyang.

Kore di Nò lanse yon misil balistik entè-kontinantal jodi jedi a, dapre konklizyon Etazini ak alye li yo nan rejyon an, premye fwa Pyongyang lanse yon misil ki tire lwen depi 2017.

Lansman sa-a fè tansyon moute wo nan Presikil Kore-a. Sèlman kèk èd-tan apre, Kore di Sid lanse pwòp misil pa li, kote li di l-ap demontre "kapasite nou ak volonte nou pou reponn touswit e bay pinisyon."

Misil Kore di Nò a te vole pandan plis pase 70 minit nan yon trajè an koub anvan li te ateri sèlman nan distans 170 kilomèt alwès Prefekti Aomori nan Japon, dapre Ministè Defans japonè a.

Premye-minis japon Fumio Kishida, ki t ap pale nan Bruksèl, kote li ap patisipe nan yon somè G-7, kalifye aksyon an kòm "yon mank dega enpadonab.

XS
SM
MD
LG