Accessibility links

Breaking News

Biden, Alye Oksidantal yo Reyini pou Diskite Lagè Ikrèn nan


Lide peyi manm LOTAN yo koze pandan Sekrete Jeneral Jens Stoltenberg ak Prezidan Komisyon Ewop la Ursula von der Leyen swiv, Jedi 24 Mas, 2022.
Lide peyi manm LOTAN yo koze pandan Sekrete Jeneral Jens Stoltenberg ak Prezidan Komisyon Ewop la Ursula von der Leyen swiv, Jedi 24 Mas, 2022.

Prezidan Joe Biden ak alye Oksidantal yo reyini nan vil Brussels nan la Bèljik Jedi pou diskite sou envazyon La Risi fè nan Ikrèn ak konsekans global sa genyen.

Nan yon jou, vil la ap patwone yon rankont ijans LOTAN, yon rankont lidè Gwoup dè 7 la, ak yon rankont o somè 27 peyi manm Inyon Ewopeyen an.

Obsèvatè yo atann yo aske yo anonse plis sanksyon kont La Risi, epi diskite sou kijan peyi Ewopeyen yo ka depann mwens sou enèji Ris la.

Konseye Prezidan Biden sou kestyon ki gen pou wè ak sekirite nasyonal, Jake Sullivan, deklare objektif yap pouswiv se asire ke "detèminasyon ak inite" ant alye yo pandan mwa ki pase a "kontinye osi lontan ke sa mande."

XS
SM
MD
LG