Accessibility links

Breaking News

Etazini Jwenn Twoup Ris yo Komèt Krim de Gè nan Ikrèn


Sekrete d' Eta Ameriken Antony Blinken pale pandan yon konferans de pres Jedi 17 Mas, 2022 nan Depatman Deta nan Washington.
Sekrete d' Eta Ameriken Antony Blinken pale pandan yon konferans de pres Jedi 17 Mas, 2022 nan Depatman Deta nan Washington.

Sekretè d'Eta Antony Blinken deklare administrasyon Biden nan fè yon detèminasyon ofisyèl ke twoup Ris yo komèt krim de gè nan Ikrèn.

Blinken di detèminasyon an baze sou yon "revizyon ak prekosyon" ke yo fè de sous piblik ak ransèyman apre La Risi te lanse envazyon li nan Ikrèn mwa pase a.

Diplomat pi wo plase a di Etazini pral pataje enfomasyon sa a ak alye yo, patnè li yo ak enstitisyon entènasyonal kap mennen ankèt sou akizasyon krim lagè kont imanite.

Blinken anonse nouvèl la Mèkredi nan yon deklarasyon li pibliye pandan li te nan wout pou'l al brussels ak Prezidan Joe Biden pou asiste rankont o some dijans lidè LOTAN yo.

XS
SM
MD
LG