Accessibility links

Breaking News

Gen ant 30 ak 40 Mil Viktim Ris nan Konfli Ikren nan, dapre yon sous LOTAN


Yon solda pote foto Kapiten Andrei Paliy, komandan adjwen flot Lanme Nwa La Risi a pandan yon seremoni adye nan Sevastopol, Krime, Mekredi 23 Mas, 2022.
Yon solda pote foto Kapiten Andrei Paliy, komandan adjwen flot Lanme Nwa La Risi a pandan yon seremoni adye nan Sevastopol, Krime, Mekredi 23 Mas, 2022.

Yon responsab militè wo plase LOTAN deklare alyans la estime gen ant 30,000 ak 40,000 Ris ki viktim sou chan batay la nan Ikrèn pandan premye mwa lagè a. Nan bilan sa a yo estime ant 7,000 ak 15,000 desè. Se premye estimasyon LOTAN fè piblikman sou kantite viktim Ris ki genyen depi lagè a te komanse 24 Fevriye.

Ofisye militè a, ki pale sou kondisyon pou yo pa site non ni - swivan règleman LOTAN - di estimasyon sou kantite moun ki mouri a baze sou yon konbinezon enfomasyon gouvènman Ikrenyen an genyen, endikasyon ki soti La Risi epi enfomasyon "sous-ouvè" ke piblik la ka wè.

Gouvènman Ameriken an refize bay okenn estimasyon piblikman sou kantite Ris oubyen Ikrenyen ki ta mouri. Ameriken yo di enfomasyon ki disponib la pa fyab.

Ofisye LOTAN an, pandan yon rankont nan katye jeneral alyans la nan peyi Beljik Mèkredi, deklare estimasyon 30-40,000 viktim Ris la se rezilta sa li rele yon "kalkil standar" ke yo konn fè nan tan lagè lè yon lame gen 3 solda ki blese pou chak solda ki mouri. Kalkil sa yo gen ladann sa ki mouri pandan batay, sa ki blese nan batay, sa yo pran kom prizonye oubyen ki disparèt pandan yon batay, ofisye a esplike.

XS
SM
MD
LG