Accessibility links

Breaking News

Charles III Rive Edimbourg pou Pwosesyon Sèkèy Rèn nan


Pwosesyon sekey Ren Elizabeth II, ki gen ladann Wa Charles II, Prenses Anne, ak Prens Andrew, pran direksyon Katedral Sen Giles la nan Edimbourg, Ekos, Lendi 12 Sept. 2022.
Pwosesyon sekey Ren Elizabeth II, ki gen ladann Wa Charles II, Prenses Anne, ak Prens Andrew, pran direksyon Katedral Sen Giles la nan Edimbourg, Ekos, Lendi 12 Sept. 2022.

Wa Charles III pwomèt pou l swiv egzanp defun manman li trase de "sèvis san egoyis" pandan yon diskou li pwononse devan Palman an.

Charles di manm House of Commons ak House of Lords Lendi ke li pral fè mèman parèyman ak defun manman li, Rèn Elizabeth II -kidonk li pral respekte "prensip presye gouvènans konstitisyonèl" ki se poto mitan sistèm politik Wayom Ini an.

Wa Charles III pwononse yon diskou pou remesye manm La Chanm - House of Lords ak House of Commons pou kondoleyans yo nan Westminster Hall, Lond, Lendi 12 Sept. 2022.
Wa Charles III pwononse yon diskou pou remesye manm La Chanm - House of Lords ak House of Commons pou kondoleyans yo nan Westminster Hall, Lond, Lendi 12 Sept. 2022.

Apre sa, Charles te monte abò yon avyon pou l al Edimbourg kote li pral akonpaye sèkèy an bwa a pandan yon seremoni solenèl ki va defile nan lari kapital Ekosèz la, ki pave ak woch jous tan li rive nan Palè Holyroodhouse bò kote Katedral Sen Giles la, kote manm piblik la va gen chans rann yon dènye omaj a monak la.

XS
SM
MD
LG