Accessibility links

Breaking News

Konsèy Aksesyon an Pwoklame Ofisyèlman Wa Charles Nouvo Monak La Grand Bretay


Prens William, Prens de Gal, Rèn Camilla ak Wa Charles III asiste Konsèy Aksesyon an nan Palè St. James, kote yo pwoklame ofisyèlman Wa Charles nouvo monak la Grand Bretay apre lanmo Rèn Elizabeth II nan Lond, 10 Sept. 2022.
Prens William, Prens de Gal, Rèn Camilla ak Wa Charles III asiste Konsèy Aksesyon an nan Palè St. James, kote yo pwoklame ofisyèlman Wa Charles nouvo monak la Grand Bretay apre lanmo Rèn Elizabeth II nan Lond, 10 Sept. 2022.

Konsèy Aksesyon an pwoklame Wa Charles III nouvo monak La Grand Bretay nan yon seremoni ki dewoule nan Palè St. James nan Lond, Samdi.

Charles, ki gen 73 zan siksede (setadi ranplase) manman li, Rèn Elizabeth apre li te mouri Jedi, 8 Septanm. Sepandan yon Konsèy Aksesyon ki gen ladann dè santèn politisyen, evèk ak wo fonksyonè leta te pwoklame ofisyèlman siksesyon li pandan seremoni an.

Pi ta nan jounen an, divès diyitè ap rive nan Palè Buckingham nan pou yon odyans ak Wa Charles III.

Pandan seremoni aksesyon an, Wa Charles te fè yon deklarasyon pèsonèl pa rapo ak lanmo rèn nan:

"Seyè, medam ak mesye, se devwa tris mwen pou'm anonse nou lanmo manman cheri mwen, La Rèn. Mwen konnen kijan noumenm ak tout peyi a e mwen kwè mwen ka di le mond antye, senpatize avèm apre pèt ireparab sa a nou tout sot soufri.

Se yon gwo konsolasyon pou mwen resevwa senpati nou, ke yon pakèt moun eksprime pou sèm ak frèm ak pakèt afeksyon epi sipo nou bay tout fanmi nou fas ak lanmo sa a.

Pou nou tout antanke fanmi, menm jan ak wayom nan ak fanmi peyi ki fè pati'l, manman'm te trase yon egzanp de sèvis san egoyism. Rèy manman mwen te san parèy lèw gade konbyen tan li dire, dedikasyon li ak devouman li. Pandan nap pote dèy nou remèsye Bondye pou bèl vi sa a li te genyen.

Mwen trè rekonesan de gwo eritaj li kite dèyè pou mwen ak travay epi responsabilite lou souvrènte pote avè'l. Map pran responsabilite sa yo an men e mwen pral travay pou swiv egzanp ke yo kite pou mwen pou'm respekte gouvènman konstitisyonèl la, chache lapè, armoni ak pwosperite pèp zile sa yo, Commonwealth la epi wayom ak teritwa nou yo toupatou nan mond lan.

Nan objektif sa a, mwen konnen afeksyon ak lwayote pèp souvren an genyen pou mwen ap banmwen sipo pou fè travay yo konfye'm. Konsèy palman eli yo va gide'm.

Mwen pwofondeman ankouraje pa sipo pèpetyèl madanm mwen, ke'm renmen anpil. Mwen pwofite opotinite sa a pou'm konfime entansyon mwen pou'm kontinye ak tradisyon remèt lajan mwen eritye a, ladann gen pwopriyete Kouwon nan bay gouvènman mwen pou benefiye tout sitwayen yo."

An echanj, mwen remèt Don Souvren ki apiye responsabilite ofisyèl mwen yo antanke chèf deta.

E pandan map fè travay difisil sa a ke yo konfye'm e ke mwen dedye rès vi'm pou'm fè, mwen lapriyè pou konsèy Gran Mèt la."


Li te prete sèman pa ra po ak sekirite Legliz Ekos, jan yon lwa ki egziste depi 1707, lè Ekos te rejwenn Angletè ak Peyi de Gal pou fome La Grand Bretay mande pou fè'l la. Se yon bagay tout wa ak rèn fè pandan Aksesyon yo depi ane 1714.

Apre sa, nouvo monak la te siyen 2 kopi sèman an. Pitit gason ene Wa a, Prens William, epi madanm Wa a Camilla, Rèn Konsor ansanm ak plizyè lot manm Konsèy Prive a te siyen dokiman an tou.

XS
SM
MD
LG