Accessibility links

Breaking News

Lanmò Rèn Elizabèth II Divize Kontinan Afriken an


La Reina Isabel II saluda en Gloucestershire, Inglaterra, el 13 de marzo de 2009.
La Reina Isabel II saluda en Gloucestershire, Inglaterra, el 13 de marzo de 2009.

Pandan kondoleyans yo t ap soti tout kote nan mond lan apre lanmò Rèn Elizabèth la, anpil Afriken te eksprime santiman depaman vizavi eritaj kolonyal li kite dèyè sou kontinan an kote Grann Bretay te dirije plis pase mwatye teritwa yo.

Gen kèk Afriken ki gen anpil bèl souvni de Rèn Elizabèth II, pandan 70 ane rèy li. Li te gen chans pou li vizite 20 peyi atravè kontinan an, epi salye popilasyon an.

Gen lòt, sepandan, ki di ke rèy rèn nan te kite yon gou anmè lakay yo tankou nan ane 1950 yo ak rebelyon Mau Mau nan Kenya, epitou dyaman ke fanmi Rèn nan te pran nan peyi Afrik Di Sid nan epok Kolonyal la an 1905, ke li pa janm retounen malgre apèl ki fèt pou pote diaman sayo tounen.

Gana ki se youn nan premye peyi Afriken ki te pran endpandans li e Rèn lan te vizite an 1961 4 ane apre yo te fin lib. Prezidan Nana Akufo-Addo, ki ap dirije peyi a te deside bese drapo a e li te deklare Gana fyè dèske li fè pati "Commonwealth" la.

Prezidan Kenya Uhuru Kenyatta, ki te pran endepandans ak Grand Bretay an 1963, te di: "defen Rèn Elizabeth se te yon modèl ekstraòdinè, ki te ofri sèvis sanl pat konsidere interè li."

Anpil Nijeryen te rekonesan de sipò Grann Bretay te ba yo nan ane 1960 kote li te ede yo mete fen nan diktati militè ki te kraze rebelyon Biafra nan lès peyi a.

Ofisye Igbo yo te lanse yon rebelyon nan ane 1967, ki te pwovoke yon lagè sivil pou apeprè 3 zan. Lagè sivil sa te koze lanmo apeprè yon milyon moun - anpil nan yo te mouri grangou.

Uju Anya, ki se yon pwofesè Igbo ak sivivan lagè Igbo sa a ki kounye a ap viv Ozetazini, te di kèk pawòl piman bouk ki pwovoke anpil konfli sou twitter lè li te ekri " li gen mepri pou monak sa ki te sipèvize yon gouvènman ki te patwone jenosid, ki te masakre anpil moun, e ki te fose mwatye fanmi m kouri kite peyi a."

Pati opozisyon maksis Afrik di sid la, Konbatan Liberte Ekonomik yo bò kote pa yo menm deklare "Nou pap kriye deske Rèn Elizabèth mouri".

"Entèraksyon peyi nou ak Grann Bretay se te yon bagay ki te gen anpil doulè, lanmò ak soufrans pou pèp Afriken an," li te di te gen anpil atwosite ke fòs britanik yo te i te komèt nan fen 19yèm ak kòmansman 20yèm syèk la.


Pandan se tan, asansyon wa Charles III sou twòn nan te pouse politisyen ak aktivis nan ansyen koloni Karayib yo pou mande pou retire peyi yo anba monachi a epi mande Grann Bretay peye reparasyon pou 'esklavaj.

XS
SM
MD
LG