Accessibility links

Breaking News

Monark ki Reye Pi Lontan nan Mond lan, Rèn Elizabeth II, Mouri a laj 96 zan


Rèn Elizabeth d'Angletè rive nan Inivèsite Cambridge nan sid peyi a, 27 Avril 2011.
Rèn Elizabeth d'Angletè rive nan Inivèsite Cambridge nan sid peyi a, 27 Avril 2011.

Rèn Elizabeth mouri a laj de 96 zan nan chato li nan Ekòs.

Li te sèl manm monarchi Britanik ke pi fò moun ki vivan jodia te janm konnen. Li se yon senbòl peyi li, anpir li ak Commonwealth la. Rèn Elizabeth te pèsonifye pwisans Angletè ak karaktè li byen lontan anvan li te konnen li tapral rèn.

Mwen deklare devan nou tout ke pandan tout vi mwen ke li long oubyen kout, devouman mwen se pral rann nousevis epi rann gran fanmi enperyal mwenmen ak tout moun ki fe pati l sèvis."

A laj de 25 an, Elizabeth te monte sou twon nan, apre lanmò papa li George 6. Sete prèske 5 an anvan li te marye ak Prens Philip, ki pran nesans nan La Grès. Li te jere yon transfòmasyon konplè sosyete a ak teknoloji pandan rey li ki dire plis pase 70 zan, nan yon epòk kote li te lanse avètisman sou danje sa poze lè moun voye jete ideyal ak prensip ki egziste depi lontan.

Li te pibliye premye Tweet li an 2014.

Rèn Elizabeth II Mouri a Laj de 96 zan
please wait

No media source currently available

0:00 0:04:22 0:00

Pa gen anpil rekò li pat kraze: li se monark ki reye pandan pi lontan nan mond lan.

Richard Fitzwilliams se yon ekrivan ak analis fanmi wayal la:

"Antanke chèf Commonwealth la, Rèn nan gen lyen ak pase a. Gen de lè se yon pase ki difisil paske sa fè sonje anpir la epi eksplwatasyon kolonyal la pa egzanp. Men pou rèn nan moun sonje devouman li vizavi òganizasyon an."

Li te reprezante relasyon amikal Angletè ak peyi ki gen prensip komun tankou libète, egalite ak demokrasi. Se avèk diyite li te kanpe devan sa yo ki pa respekte prensip sa yo.

Yon apararisyon ak rèn nan sete bagay chaje ak prestij.

Rèn nan pat gen egzanpsyon devan kritik yo nan peyi li. Gochis yo te vize'l kòm senbòl yon enstitisyon demode, neyo-liberal ak demokratik ak yon gwo chay lou pou sitwayen Britanik ki peye enpo.

Prens Harry, Diana Prensès Wales, Prens William, Charles, Prens Wales, Rèn Elizabeth II, Wa peyi la Grès Constantine, Dam Susan Hussey, Prensès Alexandra, Natalia Grosvenor, Duchès Westminster epi Seyè Romsey poze pou yon potrè ofisyèl, 9 Mas, 1997.
Prens Harry, Diana Prensès Wales, Prens William, Charles, Prens Wales, Rèn Elizabeth II, Wa peyi la Grès Constantine, Dam Susan Hussey, Prensès Alexandra, Natalia Grosvenor, Duchès Westminster epi Seyè Romsey poze pou yon potrè ofisyèl, 9 Mas, 1997.

Apre lanmò Prensès Diana, ki te popilè yo te akize'l deske li gen san frèt e ke pat reyaji ase vit:

" Sa mwen ka di nou kounyea antanke rèn nou ak yon granmè mwen di'l ak tout kè mwen. Premyèman mwen vle rann omaj a Diana pèsonèlman. Li te yon kretyen vivan eksepsyonal ki te chaje ak talan."

Maryaj pitit pitit li Prens William ak Kate Middleton te pote yon glamour jèn nan ansyen enstitisyon an.

Lè Prens Harry te marye ak aktris Amerikèn Meghan Markle, Elizabeth te chèf yon fanmi ki te sanble lap adapte'l ak tan modèn yo - popilè, divès, e global.

Foto Achiv: Rèn Elizabeth d'Angletè ak Prens Charles sou yon balkon pandan selebrasyon Jubile Platin nan nan vil Lond, 5 Jyen 2022.
Foto Achiv: Rèn Elizabeth d'Angletè ak Prens Charles sou yon balkon pandan selebrasyon Jubile Platin nan nan vil Lond, 5 Jyen 2022.

Sepandan apre sa te gen yon epok doulourez. Dezym pitit gason li, Prens Andrew te fè fas ak yon ankèt sou abi seksyèl kont jèn fi.

Harry ak Meghan te fè kont ak fanmi wayal la ke yo te akize de rasizm.

Lanmo mari Elizabeth la, Prens Philip an 2021 kite dèyè yon imaj moun ap sonje lontan: rèn nan kap pote dèy poukont li - nan moman pandemi a tap ravaje nasyon li.


Nan mwad Septanm nan, li te nomen 15em premye minis rèy li - sete dènye gwo angajman piblik li te genyen.

Rèn Elizabeth rete yon jeyan nan listwa youn nan gran peyi planèt tè a. Li te sèvi kòm lyen ant pase kolonyal Wayom Ini an ak avni li antanke gran pwisans global nan yon mon ki diferan anpil ak jan li te ye lè'l te pran nesans.

An 2015 pandan yon vizit ann Alyam li te pale de gwo chanjman li viv:

"Pandan lavi nou Misye le Prezidan, nou konstate pi move moman yo men tou pi bon moman kontinan nou an. Nou wè kijan bagay ka amelyore rapidman, men nou konnen ke fòk nou travay di pou mentni benefis sa yo nan mond lan, apre lagè a."
Camilla, Duchès Cornwall, Prens Charles, Rèn Elizabeth, Prens George, Prens William, Prensès Charlotte, Prens Louis epi Catherine, Duchès Cambridge, kanpe sou yon balkon pandan fèt pou make fen selebrasyon Jubile Platin Rèn Elizabeth nan Lond, 5 Jyen 2022
Camilla, Duchès Cornwall, Prens Charles, Rèn Elizabeth, Prens George, Prens William, Prensès Charlotte, Prens Louis epi Catherine, Duchès Cambridge, kanpe sou yon balkon pandan fèt pou make fen selebrasyon Jubile Platin Rèn Elizabeth nan Lond, 5 Jyen 2022


Tradisyon wayal Britanik la - se Elizabeth ki responsab pou li - chita kounyea nan men eritye li yo. Angletè yap eritye a drastikman diferan an tèm de demografi, kilti ak ekonomi.

Nan yon mond globalize e pluralist, travay kap tann yo pou pwojte yon imaj grandè konplike anpil.

XS
SM
MD
LG