Accessibility links

Breaking News

Grand Bretay: Liz Truss Se Nouvo Premye-Minis Peyi a


GRAN BRETAÑA-GOBIERNO
GRAN BRETAÑA-GOBIERNO

Liz Truss tounen nouvo Premye-minis Grand Bretay Madi, kote li ranplase Boris Johnson nan yon tan boulvès ekonomik ak pri enèji ki ap moute disèt wotè.

Johnson remèt demisyon li ofisyèlman bay Rèn Elizabeth II nan rezidans rèn nan nan Balmoral nan Ekòs, e apre sa, rèn nan nonmen Truss premye-minis.

Truss ki gen 47 lane, tounen 3èm fanm k ap dirije peyi a e 3èm premye-minis nan 6 lane. Truss kale ansyen Chanselye Exchequer ki se Trezò Piblik nan Grand Bretay, an palan de Rishi Sunak.

Apre yo fin anonse viktwa li, Truss di devan rasanbleman pati a, “Mwen te mennen kanpay kòm Konsèvatè, e mwen pwal gouvène menm jan an, an Konsèvatè.”

Rèn Elizabeth II (a goch) akeyi Liz Truss pandan yon odyans nan Balmoral, Ekos kote li te envite nouvo premye lidè-eli pati Konsèvatè a pou'l tounen Premye Minis peyi a epi fome yon nouvo gouvènman, Madi 6 Sept. 2022.
Rèn Elizabeth II (a goch) akeyi Liz Truss pandan yon odyans nan Balmoral, Ekos kote li te envite nouvo premye lidè-eli pati Konsèvatè a pou'l tounen Premye Minis peyi a epi fome yon nouvo gouvènman, Madi 6 Sept. 2022.

Truss, ki te konn pa dakò pou Grand Bretay soti nan Inyon Ewòp la, e ki konyea se yon gwo sipòtè divòs la ki rele Brexit, wè politik afè etranjè ki anfavè batay, e tankou Johnson, li ka rete yon lyezon nan alyans l-Oksidan an ki

ap voye èd bay Ikrèn pou goumen kont envazyon LaRisi ki la depi 6 mwa-a.

Men li pwal fè fas touswit ak pwoblèm ekonomik grav, antwòt yon resesyon, boulvès nan klas travayè a, pri enèji k ap moute ak posiblite yon mank gaz natirèl ak petwòl nan sezon ivè k ap vini an.

XS
SM
MD
LG