Accessibility links

Breaking News

Rèn Elizabeth II ap Resevwa Swen Medikal nan Moman Gen Gwo Kè Sote pou Sante li


Foto Achiv: Ren Elizabeth II nan Chato Balmoral la nan Ekos, 6 Sept. 2022.
Foto Achiv: Ren Elizabeth II nan Chato Balmoral la nan Ekos, 6 Sept. 2022.

Palè Buckingham di Rèn Elizabeth II anba sipèvisyon doktè paske yo gen "kè sote pou sante li".

Manm fanmi wayal la te vwayaje al nan Ekòs pou yo te ka wè rèn nan, ki gen 96 zan. Anons lan fèt yon jou apre rèn nan te anile yon rankont pa videyo konferans li te sipoze genyen ak Konsey Privy la, apre doktè li te konseye'l pou repoze. Madi La Rèn te patisipe nan anpil aktivite, e li te mande Liz Truss ofisyèlman pou l tounen premye minis peyi a.

Prens Charles ki se eritye twon nan, ak madanm ni Camilla akonpaye rèn nan kounyea. Yo te vwayaje al nan Chato Balmoral la, ki se lye kote rèn nan konn pase vakans ete yo.

Prens Williams, ki se pitit gason ene Prens Charles, nan wout pou'l al nan chato a pou wè rèn nan tou. Gen lòt nouvèl ki fè konnen Prens Harry ak madanm ni Meghan, Duchès Sussex la pran direksyon Ekòs tou pou al wè Rèn Elizabeth.

XS
SM
MD
LG