Accessibility links

Breaking News

Liz Truss Pral Ranplase Boris Johnson kom Premye Minis Angletè Madi


Liz Truss reyaji ak mari li Hugh O'Leary apre yo anonse ke li pral pwochen Premye Minis La Grand Bretay, 5 Sept. 2022.
Liz Truss reyaji ak mari li Hugh O'Leary apre yo anonse ke li pral pwochen Premye Minis La Grand Bretay, 5 Sept. 2022.

Liz Truss pral ranplase Boris Johnson kom premye minis peyi Angletè Madi. Li pral vwayaje al wè Rèn Elizabeth nan Ekos anvan li nomen yon nouvo ekip minis nan kabinè a pou takle kriz ekonomik la epi eseye inifye yon pati ki divize.

Truss ranpote la viktwa sou rival Rishi Sunak nan yon vot manm Pati Konsèvatè yo te fè pou deside kiyès ki dwe dirije pati a. truss pwomèt poul redwi enpo yo, epi ede moun jere pri elektrisite ak gaz nan yon moman kote Grand Bretay ap fè fas ak yon kriz enèji kap vinn pi grav chak jou.

"Mesi dèske ou fèm konfyans pou dirije peyi epi bay ranman pou gran peyi sa a. Mwen pral pran aksyon odasye pou ede nou simonte defi sa yo, amelyore ekonomi nou epi kreye opotinite pou Wayom Ini an ka montre potansyèl li. "

Truss se siksesè Boris Johnson ki te sètoblije anonse demisyon li an Jiyè apre plizyè mwa skandal kote manm administrasyon li te kouri kite'l epi minis li yo te demisyonnen pou fose'l bay le gen.

XS
SM
MD
LG