Accessibility links

Breaking News

Meghan Pran la Pawòl nan Somè 'One Young World' la


Meghan, Duches Sussex la pale pandan seremoni ouveti some One Young World la (Yon Mond ki Jen) nan vil Manchester, Anglete, 5 Sept. 2022.
Meghan, Duches Sussex la pale pandan seremoni ouveti some One Young World la (Yon Mond ki Jen) nan vil Manchester, Anglete, 5 Sept. 2022.

Meghan, Duches Sussex la, pwononse premye diskou li nan peyi Angletè depi mari li, Prens Harry te kite tonbe responsabilite yo antanke manm fanmi wayal la. Li di yon rankont o somè jèn lidè ke yap ede pote chanjman "pozitif ak nesesè" nan mond lan.

Diskou a vini yon semèn apre piblikasyon yon entèvyou nan magazin "The Cut", kote li te kritike yon lòt fwa ankò fason fanmi wayal te aji vizavi limenm ak Harry. Sa te soulve gwo pale anpil nan mitan laprès Britanik la.

Meghan di: "Rankont One Young World la te wè nan mwen sa'm te vle pou tèt mwen. Yo te wèm menm jan mwen wè nou, nan le prezan ak lavni. E mwen souliyen pwen sa a paske anpil fwa nou pale ak jèn jan de ane kap vini yo, epi sa nou pral fè, sa nou pral oblije adopte pou ranje pwoblèm jenerasyon pi granmoun yo kite dèyè pou nou, epitou de eritaj nou. Men twò souvan nou neglije le fèt ke nou deja ap fè travay sa a. Se kounyela a travay la ap tanmen."

Meghan ak Harry te kite Angletè sa gen plis pase 2 zan desa, men yo pat parèt an piblik ann nan peyi a ankò, pazavan mwad Jyen an, kote yo te vwayaje pou asiste selebrasyon Jubile Platinn Rèn Elizabeth la.

Sepandan, yo kontinye atire atansyon laprès an pati akoz tansyon ki egziste ant Harry ak gran frè li Prens William, epitou papa li, Prens Charles, ki se 2 eritye twon nan.

XS
SM
MD
LG