Accessibility links

Breaking News

Trudeau di Ren Elizabeth Pami Moun li Pi Renmen nan Mond lan


Foto Achiv: Ren Elizabeth d'Anglete ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pandan yon rankont nan Chato Windsor, nan Windsor, Anglete, 7 Mas 2022.
Foto Achiv: Ren Elizabeth d'Anglete ak Premye Minis Kanadyen Justin Trudeau pandan yon rankont nan Chato Windsor, nan Windsor, Anglete, 7 Mas 2022.

Premye Minis Kanadyen an Justin Trudeau komemore lanmo Ren Elizabeth ak yon diskou bref kote li eksprime tristes li epi rann omaj ak pesonaj ki te reye pandan preske mwatye egzistans kanada.

"Li te gen yon lanmou pwofon ak a feksyon pou Kanadyen yo."

Premye minis la di li paka kwe denye rankont li ave'l sete vreman vre denye rankont li.

"Li te sevi nou ak fos e sajes pandan 70 zan pandan nou tap evolye poun tounen yon peyi ki gen divesite, ki optimis, responsab, anbisye ak ekstraodine."

Trudeau li te renmen ren nan anpil.

"Li te youn nan moun mwen pi renmen nan mond lan e mwen pral sonje'l anpil."

XS
SM
MD
LG