Accessibility links

Breaking News

Dè Milye Moun Kanpe Devan Palè Buckingham pou Rann yon Dènye Omaj ak Rèn nan


Moun rasanble devan Palè Buckingham nan apre Rèn Elizabeth mouri Jedi 8 Sept. a laj de 96 zan. nan Lond, Angletè.
Moun rasanble devan Palè Buckingham nan apre Rèn Elizabeth mouri Jedi 8 Sept. a laj de 96 zan. nan Lond, Angletè.

Yon gwo foul moun kanpe devan Palè Buckingham nan lè responsab yo te pote yon deklarasyon ki konfime lanmò Rèn Elizabeth II epi afiche'l sou baryè ki sitye devan li nan Lond.

Anplwaye Palè Buckingham mete yon afich devan baryè a ki anonse lanmo Rèn Elizabeth, 8 Sept. 2022.
Anplwaye Palè Buckingham mete yon afich devan baryè a ki anonse lanmo Rèn Elizabeth, 8 Sept. 2022.

Dè milye moun te rasanble malgre lapli tap tonbe, pou rann yon dènye omaj ak monark la, ki mouri Jedi a laj de 96 an.

Supèfanatik Wayal John Loughrey, 67 an, te kriye devan palè a pandan li tap rann omaj ak rèn nan ke li dekri tankou yon moun ki "enspire l". Misye konpare rèn nan ak Prens Philip ak zwazo ki rele siy yo, ke yo di mouri ak kè kase lè cheri yo mouri.

Moun reyaji devan Palè Buckingham nan lanmo Rèn Elizabeth, monark ki reye pi lontan nan tout istwa peyi a - a savwa 70 zan.
Moun reyaji devan Palè Buckingham nan lanmo Rèn Elizabeth, monark ki reye pi lontan nan tout istwa peyi a - a savwa 70 zan.

Rèn Elizabeth ak Philip te marye pandan 73 zan jiska lanmò li nan mwad Avril ane pase a.

Loughrey di: "Li te deteryore apre lanmò Duke Edinburgh la. Yo te tankou 2 siy. Bondye sove Rèn nan."

XS
SM
MD
LG