Accessibility links

Breaking News

Wa Charles III Siyale Rèy li Pral Ofri Chanjman


Wa Charles III d'Anglete salye sitwayen ki vinn swete'l bon chans pandan lap pase bo kote barye Pale Buckingham nan, Vandredi 9 Sept. 2022 apre lanmo manman li, Ren Elizabeth II.
Wa Charles III d'Anglete salye sitwayen ki vinn swete'l bon chans pandan lap pase bo kote barye Pale Buckingham nan, Vandredi 9 Sept. 2022 apre lanmo manman li, Ren Elizabeth II.

Pandan Wayom Ini an ap pote dèy pou yon rèn moun te renmen anpil, peyi a deja ap mande kijan Wa Charles II pral reye. Eske monarchi li pral ekate'l ak tradisyon manman li yo?

9 Septanm sete premye jounen konplè li sou twon nan, e si sa ofri yon endikasyon, Charles sanble li pare pou'l pran yon direksyon ki diferan ak pa manman'l.

Wa Charles d'Anglete pwononse yon diskou devan nasyon an ak Commonwealth la depi Pale Buckingham nan nan vil Lond, Vandredi 9 Sept. 2022, apre lanmo Ren Elizabeth II, Jedi.
Wa Charles d'Anglete pwononse yon diskou devan nasyon an ak Commonwealth la depi Pale Buckingham nan nan vil Lond, Vandredi 9 Sept. 2022, apre lanmo Ren Elizabeth II, Jedi.

Lè nouvo wa a te vwayaje al nan Palè Buckingham nan pou premye fwa Vandredi, limouzin ni an te pase nan mitan yon gwo foul spektatè epi apre sa li te rete anvan li te rive devan baryè a pou ke Charles te ka soti epi bay lanmen ak moun ki te vle swete'l bon chans.

Li te plis sanble yon prezidan Ameriken kap mennen kanpay ke pi nouvo monak yon fanmi wayal kap dirije Wayom Ini an depi 1,000 ane.

XS
SM
MD
LG