Accessibility links

Breaking News

Sèkèy Rèn Elizabeth Pran Chimen Edinbourg


Yon foul moun gade nan moman sèkèy rèn Elizabeth II ki vlope ak drapo Standar Wayal Ekos la pase nan vil Edimbourg, Dimanch 11 Sept. 2022.
Yon foul moun gade nan moman sèkèy rèn Elizabeth II ki vlope ak drapo Standar Wayal Ekos la pase nan vil Edimbourg, Dimanch 11 Sept. 2022.

Sèkèy Rèn Elizabeth II ki gen drapo ki vlope li, pran chimen vil Edinbourg ki se kapital Ekòs. Lap vwayaje pa wout kote li kite Chato Balmoral ka ren nan te renmen anpil, pou'l pase nan pwovens yo jous tan li rive nan kapital la.

Moun te kanpe sou 2 bò lari a pou wè sèkèy la epi voye flè nan memwa monak la ki mouri Jedi nan Balmoral apre li te pase 70 zan ap reye sou twon nan.

Nan Aberdeenshire, kiltivate yo te aliyen sou kote wout la pou rann omaj ak rèn nan.

Nan Edinbourg menm, yon gwo foul te gade an silans pandan sèkèy la tap pase, epi apre sa yo te bat bravo.

Wa Charles III te pwoklame ofisyèlman wa Wayom Ini an Dimanch nan lòt rejyon tankou Ekòs, Peyi de Gal, ak Irland di Nò apre yon seremoni menm jan ki te dewoule ann Angletè Samdi.

XS
SM
MD
LG