Accessibility links

Breaking News

Apre Kouwonman Wa Charles III, Pitit Gason li yo Fe yon Paret Ansanm ak Madanm yo


De goch a dwat: Prens Williams, Prens de Gal, Kate Prenses de Gal, Prens Harry epi Meghan, Duchès Sussex la salye piblik la nan Chato Windsor, Angletè, Samdi 10 Sept. 2022.
De goch a dwat: Prens Williams, Prens de Gal, Kate Prenses de Gal, Prens Harry epi Meghan, Duchès Sussex la salye piblik la nan Chato Windsor, Angletè, Samdi 10 Sept. 2022.

Prens Harry ak madanm ni Meghan, Duchès Sussex la rejwenn Prens William ak madanm ni, Kate, Prensès de Gal nan Chato Windsor la pou gade pakèt bouke flè moun kite nan memwa Rèn Elizabeth II, ki te grann prens yo.

2 Prens yo ak madanm yo te pran tan pou yo gade de pre bouke flè yo anvan yo te salye moun ki te vinn prezante kondoleyans yo epi swete yo bon chans devan baryè Chato Windsor la, Samdi.

Prens William (dezyèm a goch) Kate, Prensès de Gal, epi Prens Harry ak Meghan, Duchès Sussex la gade bouke flè moun kite pou defen Rèn Elizabeth II devan Chato Windsor la, Samdi 10 Sept. 2022.
Prens William (dezyèm a goch) Kate, Prensès de Gal, epi Prens Harry ak Meghan, Duchès Sussex la gade bouke flè moun kite pou defen Rèn Elizabeth II devan Chato Windsor la, Samdi 10 Sept. 2022.

Tou le 4 te bay lanmen ak piblik la.

Se premye fwa 2 koup yo parèt an piblik depi lanmo rèn nan Jedi 8 Septanm.

Meghan, Duchès Sussex la ak Prens Harry rankontre manm piblik la nan Chato Windsor, Samdi 10 Sept. 2022.
Meghan, Duchès Sussex la ak Prens Harry rankontre manm piblik la nan Chato Windsor, Samdi 10 Sept. 2022.

Wa Charles II tounen ofisyèlman Samdi, monak La Grand Bretay, nan yon seremoni chaje ak ansyen tradisyon ak senbolizm politik.

XS
SM
MD
LG