Accessibility links

Breaking News

Prens William Pibliye Premye Deklarasyon li sou Lanmò Rèn Elizabeth II


Prens William, Prens de Gal, ak Kate, Prenses de Gal rankontre manm piblik la pandan yon vire won devan Chato Windsor la, Samdi 10 Sept. 2022.
Prens William, Prens de Gal, ak Kate, Prenses de Gal rankontre manm piblik la pandan yon vire won devan Chato Windsor la, Samdi 10 Sept. 2022.

Prens William fè premye komantè piblik li sou lanmò Rèn Elizabeth II.

Li di: "sa pral pran anpil tan anvan mwen santi ke vreman vre fann mwen pa avè nou ankò."

William, ki se eritye twon nan apre Wa Charles III, di nan deklarasyon li te pibliye Samdi 10 Septanm nan ke rèn nan "te bò kote'm nan moman kote mwen te pi kontan. E li te bò kote'm nan moman pi tris mwen yo."

William, Prens de Gal, deklare: rèn nan te trase yon "egzanp sèvis ak diyite nan lavi devan piblik la ki te reprezante yon lòt epòk, men ki rete yon atitid ki kouran pou tout moun."

XS
SM
MD
LG