Accessibility links

Breaking News

Fondatè WikiLeaks la Assange ap Fè Fas ak Dènye Pwosedi Legal li pou Evite Ekstradisyon Ozetazini


Manifestan kenbe bannye devan Tribinal Wayal Jistis la nan vil Lond, Madi 20 Fevriye, 2024.
Manifestan kenbe bannye devan Tribinal Wayal Jistis la nan vil Lond, Madi 20 Fevriye, 2024.

Avoka Julian Assange yo tanmen dènye defi legal yo pou anpeche otorite Britanik yo ekstrade fondatè WikiLeaks la Ozetazini kote lap fè fas ak akizasyon espyonaj.

Avoka li yo deklare devan Wo Kou Jistis Lond la Madi ke aksyon li te ekspoze aksyon kriminèl grav ke otorite Ameriken yo te komèt e ke li klè ke sa gen yon enpotans ki nan enterè piblik la.

Assange, 52 zan, ap goumen kont ekstradisyon li depi lis pase 10 zan, e li pase dènye 5 ane yo nan yon prizon sekirite maksimom.

Si jij yo pa deside an favè Assange, li ka mande Tribinal Dwa Moun Ewop la blok ekstradisyon li.

Patizan li yo gen kè sote dèske yo taka mete misye nan avyon pou al Ozetazini anvan sa rive.

Assange pat prezan nan tribinal la. Avoka li di li pa byen.

XS
SM
MD
LG