Accessibility links

Breaking News

Lapolis Britanik Arete Fondatè Wikileaks la, Julian Assange


Julian Assange ki se fondatè WikiLeaks Foto: 5 fevriye 2016.
Julian Assange ki se fondatè WikiLeaks Foto: 5 fevriye 2016.

Lapolis Britanik arete fondatè Wikileaks la Julian Assange ki te pran refij nan anbasad Ekwatè a nan vil Lond an 2012. Otorite swedwa yo te mande ekstradisyon Asange anba akizasyon atak seksyèl men te abandone efò yo. Assange te kontinye rete nan anbasad la poutèt krent li te genyen pou otorite Britanik yo pat arete l e voye l Ozetazini an koneksyon ak piblkasyon dokiman sekrè gouvènman ameriken an.

Prezidan Ekwatè a, Lenin Moreno, pibliye yon video jedi 11 avril kote li defan desizyon gouvènman an li di ki bouke ak konpòtman fondatè Wikileaks la. Pami vyolasyon lidè Ekwatoryen an eksplike se piblikasyon dokiman ki soti nan Vatikan.

Nan yon mesaj Julian Assange mete sou rezo sosyal Twitter li di " Gouvènman Ekwatè a tèmine ilegalman azil politik Assange la an vyolasyon ak
lwa entènasyonal."

XS
SM
MD
LG