Accessibility links

Breaking News

Anketè Espesyal Robert Mueller Pa Jwenn Prezidan Trump Konplis nan Konplo ak Larisi


Foto ki montre prezidan ameriken ak vis prezidan ki te sou ankèt espesyal. Richard Nixon, Oliver North, Bill Clinton, Dick Cheney, ak Donald Trump. Soti nan Watergate rive sou Mueller.
Foto ki montre prezidan ameriken ak vis prezidan ki te sou ankèt espesyal. Richard Nixon, Oliver North, Bill Clinton, Dick Cheney, ak Donald Trump. Soti nan Watergate rive sou Mueller.

Minis Jistis Etazini William Barr fè konnen dimanch 24 mas 2019 la ke rapò anketè espesyal Robert Mueller sou enfliyans Larisi nan eleksyon 2016 la pa jwenn okenn prèv ke Prezidan Donald Trump oubyen nenpòt moun ki te asosye nan kanpay li te mare konplo oubyen te kowòdone ak Larisi nan sa ki gen awè ak dènye eleksyon prezidansyèl ameriken an.

Sou kesyon pou konnen si Mesye Trump te chache bare travay lajistis nan enfliyanse ankèt Mueller a oubyen deraye l, dapre sa Minis Barr fè konnen, "Rapò a pa konkli ke prezidan an te komèt yon krim, e li pa elimine tout akizasyon ki te sou li."

XS
SM
MD
LG