Accessibility links

Breaking News

Etazini: Paul Manafort Bay Larisi Aksè ak Sondaj Entèn sou Kandida Donald Trump


Paul Manafort, Ansyen Dirijan Kanpay prezidansyèl Kandida Donald Trump.AP/ Jose Luis Magana
Paul Manafort, Ansyen Dirijan Kanpay prezidansyèl Kandida Donald Trump.AP/ Jose Luis Magana

MANAFORT RUSSIA PROBE

Paul Manafort, ki te dirije kanpay prezidansyèl kandida Donald Trump, te pataje rezillta sondaj entèn kanpay la ak yon ris ki gen lyen ak sèvis ransèyman Larisi a, dapre yon dokiman avoka li yo te soumèt bay yon tribinal yè madi-a. Revelasyon s-a vinn ajoute luil sou dife evidans ki montre kòmkwa kanpay mesye Trump la te eseye fè ko-òdinasyon ak ris yo nan epòk la.

Sepandan, pwokirè federal ameriken yo poko monte yon dosye ki ta lonje dwèt sou zak konplotay bò kote kanpay kandida repibliken an . Bò kote pa yo, komisè kap travay ak pwokirè espesyal Robert Mueller di Paul Manafort te benyen yo ak manti konsènan kontak ki te egziste ant limenm ak Larisi.

Mesye Manafort, sou bò pa li, nye kategorikman akizasyon konsènan rapò li ak ansyen patnè dafè ris Konstantin Kilimnik, yon ikrenyen pwokirè ameriken akize kòm yon moun ki pwòch sèvis ransèyman Larisi.

XS
SM
MD
LG