Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis. Yon Lòt Kondanasyon nan Ankèt Sou Enfliyans Larisi nan Eleksyon 2016 la


Michael Cohen pandan li t ap kite tribinal federal la nan vil New York, mèkredi 12 desanm 2018 la, apre li te fin resevwa yon santans 3 zan prizon.
Michael Cohen pandan li t ap kite tribinal federal la nan vil New York, mèkredi 12 desanm 2018 la, apre li te fin resevwa yon santans 3 zan prizon.

Michael Cohen, yon ansyen avoka pèsonèl Prezidan Donald Trump, resevwa yon santans 3 zan prizon, mèkredi 12 desanm 2018 la, pou wòl li nan vyolasyon lwa sou finansman kanpay dirijan ekip elektoral Trump la te komèt e poutèt li te bay Kongrè a manti nan depozisyon li te fè sou kesyon an.

Avoka Cohen tounen yon temwen-kle, yon temwen trèz enpòtan pou ankèt Pwokirè Espesyal Robert Mueller ap mennen sou koneksyon Larisi ta genyen ak kanpay elektoral Trump la an 2016.

Michael Cohen te pase byen rapidman devan repòtè yo lè l t ap kite tribinal federal la nan New York apre li te fin resevwa yon santans 3 zan prison pou responsablite li nan move itilizasyon lajan leta nan yon kanpay elektoral epi paske li te aji an malonnèt lè l t ap fè depozisyon l nan Kongrè a sou dosye a.

Pandan Cohen t ap reponn kesyon jij la sou responsablite l nan afè a, li te deklare:

"Se paske mwen t ap sèvi Donald Trump tankou yon avèg ki fè m te aksepte kase fèy pou m kouvri move zak prezidan an t ap komèt.”

Michael Cohen ki t ap kite tribinal la ak yon pititfi li Samantha (nan mitan) epi yon pititgason li, Jake, bò kote li.
Michael Cohen ki t ap kite tribinal la ak yon pititfi li Samantha (nan mitan) epi yon pititgason li, Jake, bò kote li.

Nan dokiman Michael Cohen te soumèt nan tribinal anvan seyans mèkredi a, li te admèt li te konn fè aranjman pou l itilize lajan pou l fèmen bouch moun ki te mele nan relasoyn gason-ak-fi avèk Donald Trump pou pawòl la pa t sòti deyò. Daprè jounalis Chad Day, ki espesyalize nan repòtaj sou afè jiridik, pa le fèt ke Cohen di li te konn aji konsa sou direksyon Misye Trump, sa genyen yon gwo enpòtans nan je lajistis. Misye Day fè konnen:

"Kounyela a, Trump demanti tout bagay sa yo. Men, sa dokiman ki devan tribinal la montre, sè ke otorite k ap mennen ankèt la konsidere sa Cohen di yo kòm bon jan zak kriminèl misye te komèt sou dikte prezidan an."

Prezidan Trump, li menm, pale plizyè fwa pou l demanti Michael Cohen, menm jan li demanti pawòl k ap di Larisi te mele nan eleksyon prezidansyèl 2016 la pou l te enfliyanse rezilta yo an favè Trump. Lidè ameriken an pa mete dlo nan bouch li pou l di ankèt pwokirè espesyal Robert Mueller ap mennen an se yon veritab “chasse aux sorcières”. Kantapou Michael Cohen menm, se sa Misye Trump bliye li pa di sou misye:

"Michael Cohen ap bay manti. Sa l ap fè la a, se eseye l ap eseye jwenn yon santans ki redui pou move zak li komèt e ki pa gen okenn rapò avèk mwen."

An plis de Michael Cohen, yon ansyen pwòch kolabaratè Prezidan Trump ki mele nan afè Larisi-Eleksyon an gen pou l resevwa santans li tou semèn pwochèn nan: n ap pale de Michael Flynn ki te sèvi pandan yon ti bout tan kòm konseye prezidan an pou sekirite nasyonal. Pandansetan, ankèt pwokirè Robert Mueller ap mennen an ap vale tèren e, daprè analis yo, li ka rive nan pi wo nivo li nan kòmansman ane 2019 la.

XS
SM
MD
LG