Accessibility links

Breaking News

Rankont Prezidan Trump ak Lidè Demokrat Kongrè a sou Finansman yon Miray ant Etazini ak Meksik


De goch a dwat: Depite Nancy Pelosi, Prezidan Donald Trump, Vis Prezidan Mike Pence, ak Senatè Chuck Schumer (Foto: La Mezon Blanch, nan Washington, 11 desanm 2018).
De goch a dwat: Depite Nancy Pelosi, Prezidan Donald Trump, Vis Prezidan Mike Pence, ak Senatè Chuck Schumer (Foto: La Mezon Blanch, nan Washington, 11 desanm 2018).

Dirijan demokrat yo nan Kongrè ameriken an frape kòn yo, madi 11 desanm 2018 la, avèk Prezidan Donald Trump pandan yon rankont nan Salon Oval La Mezon Blanch la kote lidè ameriken an pran angajman pou l fèmen gouvènman an si kongrè a pa jwenn apui Demokrat yo pou bay Pouvwa Egzekitif la lajan ki nesesè pou l finanse konstriksyon yon miray sou fwontyè Lèzetazini avèk Meksik la.

Depi nan kanpay elektoral la, kandida Donald Trump te pwomèt, si li ranpòte prezidansyèl la, gouvènman l nan ta p bati miray sa a; e, daprè li, konstriksyon miray sa a reprezante yon ijans nasyonal.

Pandan rankont prezidan ameriken an fè ak lidè demokrat yo nan Sena a ak Chanm Depite a, li deklare:

<< Se avèk fyète m pral fèmen gouvènman an depi se pou m ka mete sekirite sou fwontyè nou yo... M pare pou m pran responsabilite a; map pran responsablite sa a. >>

Lidè Demokrat nan Kongrè a: Depite Nancy Pelosi (D-Kalifòni, agoch) avèk Senatè Chuck Schumer (D-New York).
Lidè Demokrat nan Kongrè a: Depite Nancy Pelosi (D-Kalifòni, agoch) avèk Senatè Chuck Schumer (D-New York).

Bò kote pa l, lidè minorite a nan Chanm Wòt Kongrè a, senatè demokrat New York la, Chuck Schumer, reponn prezidan an pou l di:

"Nou pa ta dwe fèmen gouvènman an paske gen yon mezantant antre nou; men, ou mnem, prezidan, ou deside fèmen l tout bon."

Ansuit sete tou pa lidè minorite demokrat la nan Chanm Depite a, Nancy Pelosi (yon Demokrat Eta Kalifòni) pou l te twoke kèk pawòl byen chofe avèk Prezidan an sou kondisyon ki nesesè pou yon lejislasyon konsènan konstriksyon miray la ak sekirite sou fwontyè yo pase nan Kongrè a. Madam Pelosi lanse avètisman pou l di:

"Sa pa vo lapèn, Prezidan, pou w fèmen gouvènman an pou sa... Epi mwen pa kwè nou ta dwe fè yon deba sou sa devan je laprès."

Prezidan Trump reponn:

"Nap fè deba a yon fason ki amikal… Kite m repete pou ou, Nancy: Nou bezwen miray la; miray la fè pati sekirite nasyonal nou…”

Lè Madanm Pelosi tande sa, li reponn:

“Se pa vre non; mwen pa kwè miray la fè pati sekirite nasyonal nou."

Lè 2 palmantè demokrat yo te kite La Mezon Blanch, anyen pa t pase ant 2 kan yo pou fè konprann yo rive jwenn yon antant sou kesyon bidjè nasyonal la pou ane fiskal 2019 la. An fèt, Prezidan Trump, Senatè Chuck Schumer ak lidè demokrat la nan Chanm dè Reprezantan, Nancy Pelosi, bezwen jwenn yon teren d'antant konsènan yon sòm lajan 5 milya dola pou finansman miray la; lajan sa a ta dwe sòti nan bibjè nasyonal la pou ane fiskal k ap antre a. Annatandan gouvènman an ap travay avèk yon bidjè pwovizwa k ap rive nan bout li nan dat 21 desanm pwochen.

XS
SM
MD
LG