Accessibility links

Breaking News

Etazini-Jistis: Yon Jij Federal Ranvwaye pou Mas 2019 Desizyon sou Santans l Ap Bay Michael Flynn

Ansyen konseye sekirite nasyonal Lèzetazini Michael Flynn ki t ap pase devan manm laprès pandan li t ap kite tribinal kote Jij Emmet Sullivan ranvwaye seyans kote li gen pou l pwononse santans misye. (Foto: Washington DC, 18 desanm 2018).
Ansyen konseye sekirite nasyonal Lèzetazini Michael Flynn ki t ap pase devan manm laprès pandan li t ap kite tribinal kote Jij Emmet Sullivan ranvwaye seyans kote li gen pou l pwononse santans misye. (Foto: Washington DC, 18 desanm 2018).

Nan Washington, ansyen konseye sekirite nasyonal Prezidan Donald Trump, Michael Flynn, konparèt devan yon jij federal madi a 18 desanm 2018 la pou l te fè fas ak sanstans li poutèt kontak li te genyan avek Larisi kèk semèn sèlman anvan misye Trump te monte sou pouvwa a nan mwa janvye 2017.

Misye Flynn -ki se yon jeneral retrete nan Fòs Zame Lèzetazini an-- te rive nan tribinal la an menm tan ke yon gwoup moun ki t ap aplodi li, tandiske anpil lòt t ap rele chalbari dèyè l.

Pwokirè espesyal Robert Mueller te fè lajistis rekòmandasyon pou yo pa bay akize a okenn santans prizon, paske li pote yon kowoperasyon total-kapital bay jij denstriksyon k ap mennen ankèt sou koneksyon ak Larisi a menmsi jij la, Mèt Emmet Sullivan, gen tout libète pou l pran desizyon li vle sou afè a.

Kèk èd-tan anvan Michael Flynn te rive nan tribinal la, Prezidan Trump te ekri sou kont Tweeter li yon nòt kote li swete ansyen konseye sekirite nasyonal li a bòn chans. Nan nòt la, lidè ameriken an di li enteresan pou moun konnen kisa Michael Flynn genyen pou l di tribinal la; li ajoute, yon fwa ankò, pa t gen okenn konbinezon ditou-ditou ant responsab kanpay li a avèk Larisi.

Jif Emmet G. Sullivan pandan li t ap asiste yon seremoni nan tribinal federal Washington nan nan dat premye me 2008.
Jif Emmet G. Sullivan pandan li t ap asiste yon seremoni nan tribinal federal Washington nan nan dat premye me 2008.

Nouvèl ki parèt nan kòmansman mitan apre-midi a fè konnen Jij Emmet Sullivan aksepte yon rekèt avoka defans yo ki mande yon ranvwa seyans kote jij la pral deside ki santans l ap bay Flynn. Daprè espesyalis yo, sitiyasyon akize a pa briyan ditou-ditou, puiske nan seyans madi 18 desanm nan, Jij Sullivan pat mete dlo nan bouch li pou l repwoche Michael Flynn le fet ke l poze yon krim ki grav anpil:

<<Mwen pa kapab kache degou mwen, mepri mwen pou ou poutèt movez aksyon, aksyon vilen ou poze yo.>>

Lè Jij Sullivan pale de move zaksyon, aksyon vilan Michael Flynn poze yo, li vle fè sonje misye te bay manti lè l t ap bay ajan federal enfomasyon sou kontak li te pran avèk Larisi kèk semèn sèlman anvan Prezidan Donald Trump te prete sèman kòm prezidan Lèzetazini.

This item is part of
XS
SM
MD
LG