Accessibility links

Breaking News

William Barr, Prezidan Trump Chwazi pou Pòs Minis Jistis la Pwomèt pou Fè Travay li San Konsiderasyon


Pwokirè Jeneral William Barr pandan li tap prete sèman devan komisyon jistis Sena nan Capital Hill, Washington, 15 janvye 2019.
Pwokirè Jeneral William Barr pandan li tap prete sèman devan komisyon jistis Sena nan Capital Hill, Washington, 15 janvye 2019.

Chwa Prezidan Donald Trump pou plas minis jistis la, William Barr, asire piblik ameriken an madi 15 janvye 2019 la ke nenpòt desizyon li ta pran konsènan ankèt espesyal sou swa-dizan enplikasyon Larisi nan eleksyon an, l ap fè l san konsiderasyon politik.

Nan seyans konfimasyon li, li deklare nenpòt jijman li ap baze sèlman sou lalwa. Misye Barr di palmantè yo tou ke Anketè Espesyal Robert Mueller ta dwe kapab fini ankèt li e ke "piblik la ak Kongrè a ta dwe konnen rezilta yo."

Misye Barr, ki te minis jistis sou ansyen Prezidan George H.W. Bush, te atire anpil atansyon sou li depi kèk semèn poutèt li te ekri yon memo, ane pase, kote li kritike Msye Mueller poutèt l ap chache konnen si Misye Trump te chache bloke ankèt la.

XS
SM
MD
LG