Accessibility links

Breaking News

Etazini: Avoka Michael Cohen di Prezidan Trump te Pase l Lòd pou l Bay Kongrè a Manti


 Michael Cohen , Ansyen Avoka Pèsonèl Prezidan Donald Trump. AP/Richard Drew
Michael Cohen , Ansyen Avoka Pèsonèl Prezidan Donald Trump. AP/Richard Drew

Dapre nouvèl ki soti nan medya ameriken, Prezidan Trump te pase lòd pou avoka pèsonèl li Michael Cohen bay kongrè a manti konsènan efò li tap fè pou bati yon konplèks apatman de liks ki pote non Trump nan Moskou.

Nouvèl jounal an liy Buzzfeed pibliye nan dat 17 janvye 2018 fè konnen 2 manm fòs de lòd Etazini, ki pa vle non yo site, te sèvi kòm sous pou nouvèl kòmkwa lidè ameriken an te mande mesye Cohen pou l pa di Kongrè a laverite sou kesyon an.

Menm sous yo presize ansyen avoka pèsonèl lokatè Mezon Blanch la deklare bay komisè espepesyal Robert Mueller, se Prezidan Donald Trump ki te egzije pou l bay palmantè yo manti sou antant ki makonen ak konstriksyon konplèks apatman an nan kapital Larisi a, Moskou. Jounal Buzzfeed di 2 sous li yo enplike tou nan ankèt kap dewoule sou dosye sa a.

XS
SM
MD
LG