Accessibility links

Breaking News

Michael Cohen Ansyen Avoka Pèsonèl Prezidan Trump Pral Temwaye Devan Kongrè a yon Lòt Fwa Ankö


Michael Cohen pandan li tap kite tribinal federal la apre yon te fin bayli vèdik li. Nan MAnhanttanm
Michael Cohen pandan li tap kite tribinal federal la apre yon te fin bayli vèdik li. Nan MAnhanttanm

Michael Cohen, ansyen avoka pèsonèl Prezidan Etazini Donald Trump, deklare vandredi 11 jan ye 2018 la li pral temwaye nan yon sesyon ouvè devan yon panèl nan Kongrè a, nan mwa k ap vini an, sèlman kèk semèn anvan li al nan prizon poutèt li te bay palmantè yo manti, e pou lòt krim ankò.

Misye Cohen ki, depi li te vire do bay prezidan an ane pase, te temwaye devan pwokirè tribinal pandan plizyè douzèn èd-tan sou sa l te konn regle ak Misye Trump; li pibliye yon deklarasyon kote li fè konnen li espere gen privilèj sèvi ak platfòm sa a pou l di tou sa l konnen nan bon ti mamit sou sak te pase yo.

Temwayaj la pral fèt nan dat 7 fevriye k-ap vini-an devan Komite Sipèvizyon Mezon Blanch la, dapre nouvo lidè panèt la, depite Elijah Cummings, ki toujou kritike sevèman administrasyon Trump la.

XS
SM
MD
LG