Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Deklare Fomèlman Li Pa t “Janm Travay pou Larisi”


Prezidan Donald Trump (adwat) avèk Prezidan Larisi a, Vladimir Putin (mitan). Foto Dosye.
Prezidan Donald Trump (adwat) avèk Prezidan Larisi a, Vladimir Putin (mitan). Foto Dosye.

Nan rankont Prezidan Donald Trump fè ak laprès nan jou ki pase yo, li ensiste pou l di li pa t janm travay avèk Larisi e tout enfòmasyon ki di le kontrè se nouvèl fo manit k ap denigre administrasyon li a.

Prezidan Trump pote demanti sa a ak tout fòs yon fason pou l reponn yon repòtaj New York Times pibliye kote jounal la fè konnen FBI kòmanse mennen ankèt sou kesyon pou konnen èske Prezidan ameriken an ap travay pou Larisi e kont enterè Lèzetazini apre li te revoke pwokirè espesyal James Comey an 2017.

Bò kote pa l, jounal Washington Post pibliye tou yon repòtaj kote li rapòte yon nouvèl ki di kòmkwa Prezidan Trump te eseye kase fèy pou li kouvri detay konsènan konvèsasyon li te genyen nan plizyè okazyon avèk Prezidan ris la, Vladimir Putin, e li ta fè ekspre li kache detay sa yo. La Mezon Blanch, ki t ap reyaji sou sitiyasyon an, fè konnen administrasyon Trump la negosye ak Larisi yon fason ki pi dyanm lontan ke gouvènman prezidan pase yo e li enpoze jiska 272 sanksyon ki afekte Moskou.

Administrasyon an kontinye pou l denonse sa li konsidere kòm “sous laprès pa site” nan sistèm sèvis sekrè ameriken an k ap bay jounalis enfòmasyon ki ta dwe rete sekrè sou aktivite gouvènman federal la.

Prezidan Donald Trump Di li Pat Janm Travay pou Larisi
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:03 0:00

XS
SM
MD
LG