Accessibility links

Breaking News

Pwochen Seyans Depozissyon Avoka Michael Cohen nan Chanm Bas Kongrè Ameriken an


Michael Cohen, ansyen avoka Prezidan Donald Trump.
Michael Cohen, ansyen avoka Prezidan Donald Trump.

Ozetazini, Mèt Michael Cohen --yon ansyen avoka pèsonèl Prezidan Donald Trump, menm si yo dozado kounyela a-- di laprès, nan jounen jedi 10 janvye 2019 la, li gen pou l fè depozisyon nan yon sesyon piblik devan yon komisyon Chanm Bas la nan mwa fevriye pwochen kote li pral di tout laverite -e anyen ke la verite- sou tout aksyon li te poze nan non ansyen patwon li a.

Ansyen avoka Misye Trump la pral reponn kesyon depite yo kèk semèn sèlman anvan misye ale nan prizon poutèt li te bay bay Kongrè a manti e pou kèk lòt gwo vyolasyon lalwa. Li deklare:

"Mwen pa ka tann pou l aksepte privilèj kote yo pral ofri m yon platfòm pou m bay yon rapo total e ki merite konfyans sou evennman yo, jan yo te pase tout bon."

Seyans depozisyon sa a pral dewoule nan dat 7 fevriye 2019 la devan komisyon Chanm Depite a ki responsab sipèvizyon aktivite gouvènman federal la.

Mèt Michael Cohen, Ansyen Avoka Prezidan Trump Pral Reponn Kesyon Kongrè a
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:52 0:00

XS
SM
MD
LG