Accessibility links

Breaking News

Prezidan Donald Trump Di li Pa Gen Okenn Obligasyon Pèsonèl ak Larisi


Prezidan Donald Trump ki tap pale ak repòtè yo sou lakou La Mezon Blanch avan l te pran avyon pou l te al patisipe nan 100èm Konvansyon Anyèl Biwo Federasyon Kiltivatè yo nan New Orleans. 14 janvye 2019, Washington, (Foto: AP/ Evan Vucci)
Prezidan Donald Trump ki tap pale ak repòtè yo sou lakou La Mezon Blanch avan l te pran avyon pou l te al patisipe nan 100èm Konvansyon Anyèl Biwo Federasyon Kiltivatè yo nan New Orleans. 14 janvye 2019, Washington, (Foto: AP/ Evan Vucci)

Prezidan Etazini Donald Trump minimize nouvèl ki parèt nan laprès kòmkwa li ta gen obligasyon anvè Larisi ak Prezidan Vladimir Putin oubyen ke li ta kache nòt sou konvèsasyon prive ke li te gen ak lidè ris la a, tou le 5 fwa ke yo rankontre a.

Li di "Mande moun nan Larisi, yap di w pa janm gen yon prezidan ki di ak Larisi tankou m..."

Pandanstan, ankèt FBI ap mennen pou konnen si wi ou non Larisi ta mele nan fè espyonaj nan eleksyon prezidansyèl 2016 yo ap kontinye, yon sitiyasyon Kongrè a ap suit trè pre. Pa exanple, Mèt Michael Cohen --yon ansyen avoka pèsonèl Prezidan Donald Trump, menm si yo dozado kounye la a-- di laprès, nan jounen jedi 10 janvye 2019 la, li gen pou l fè depozisyon nan yon sesyon piblik devan yon komisyon Chanm Bas la nan mwa fevriye pwochen kote li pral di tout laverite -e anyen ke la verite- sou tout aksyon li te poze nan non ansyen patwon li a.

Ansyen avoka Misye Trump la pral reponn kesyon depite yo kèk semèn sèlman anvan misye ale nan prizon poutèt li te bay bay Kongrè a manti e pou kèk lòt gwo vyolasyon lalwa. Li deklare:

"Mwen pa ka tann pou l aksepte privilèj kote yo pral ofri m yon platfòm pou m bay yon rapo total e ki merite konfyans sou evennman yo, jan yo te pase tout bon."

XS
SM
MD
LG