Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Rejte Pwopozisyon Kòmkwa pou l Ta Relouvri Gouvènman Federal la pou 3 Semèn


Anpwaye federal yo nan Massachusetts, Boston. ki kenbe ansèy nan men yo pou mande peyi yo pandan gouvènman federal la fèmen an. 11 javye 2019.
Anpwaye federal yo nan Massachusetts, Boston. ki kenbe ansèy nan men yo pou mande peyi yo pandan gouvènman federal la fèmen an. 11 javye 2019.

Prezidan Etazini Donald Trump di jodi lendi 14 janvye 2019 la li pap, omwen pou kounyea, deklare yon ijans nasyonal pou bati yon miray sou fwontyè ant Etazini ak Meksik la , e ke olye de sa, lap ekzije pou Demokrat yo nan opozisyon an dakò pou yo finanse konstriksyon baryè a.

Mesye Trump rejte yon apèl Senatè Repibliken Lindsey Graham, youn nan pi gwo sipòtè li nan Kongrè a, pou l mete fen nan fèmti ki pi long nan tout istwa gouvènman ameriken an, e relouvri ajans ki fèmen yo pou 3 semèn pandan l ap kontinye fè chita-koze ak lidè Demokrat yo sou plan pou l bati yon miray sou 3 mil 200 kilomèt fwontyè sou fwontyè sid peyi a.

Prezidan Trump te vizite fwontyè Etazini pataje ak Meksik semèn pase yon fason pou l te sansibilize piblik ameriken an sou egzistans yon kriz imanitè ak nesesite pou bati yon miray pou pwoteje peyi a, yon jou apre li te fin abandone negosyasyon li tap fè ak lidè Demokrat yo nan Lamezon Blanch.

XS
SM
MD
LG