Accessibility links

Breaking News

Etazini: Chanm Depite a Ap Vote pou Mande Minis Jistis la Soumèt Rapò Konplè Ankèt Mueller a


Minis Jistis ameriken an William Barr
Minis Jistis ameriken an William Barr

Komisyon Afè Jiridik nan Chann Depite a, demokrat yo kontwole, gen pou l vote jodi mèkredi a pou li otorize manm li yo mete otorite konsène yo nan yon obligasyon legal pou yo soumèt devan komisyon an totalite rapò sou ankèt ki tap chache wè si Larisi te mele nan eleksyon prezidansyèl 2016 la -yon rapò pwokirè espesyal Robert Mueller te prepare.

Komisyon an ap chache menm otorizasyon an pou li fòse 5 ansyen fonksyonè La Mezon Blanch al fè depozisyon sou dosye a. Daprè previzyon yo, chak manm komisyon an pral vote an akò ak filozofi pati li kidonk, Demokrat yo pral vote nan yon sans, epi repibliken nan yon lòt sans pou yo otorize prezidan komisyon an, Jerrold Nad-ler, voye papye tenbre bay La Mezon Blanch pou egzije otorite konsène yo soumèt dokiman apwopriye yo.

Yo egzije an menm tan 5 ansyen pwòch kolaboratè Prezidan Trump fè depozisyon yo sou dosye a; -pami yo genyen ansyen konseye politik prezidan an, Steve Bannon, avèk ansyen konseye legal Mezon Blanch la, Donald Mc-Gahn.

XS
SM
MD
LG