Accessibility links

Breaking News

Etazini: Minis Jistis la William Barr Prezante yon Lòt Fwa Ankò Devan Kongrè a


 Minis jistis Etazini an, Probe Barr
Minis jistis Etazini an, Probe Barr

Minis Jistis ameriken an, William Barr, retounen nan Kongrè a jodi mèkredi 10 avril la pou l kontinye fè depozisyon devan palmantè yo, yon jou aprè li te refize diskite sou detay presi ki nan rapò pwokirè espesyal Robert Mueller te prepare sou ankèt li te diirije pou wè si Larisi te mele nan eleksyon prezidansyèl novanm 2016 la.

Minis jistis la fè konnen li espere pibliye yon vèsyon ekri rapò a nan yon semèn. Misye Barr genyen pou l reponn kesyon Sou-Komisyon Sena a ki travay sou alokasyon bidjè, kote deba yo pral santre sou bidjè Depatman Jistis la pou ane 2020 an.

Komisyon Afè Jiridik nan Chann Depite a, demokrat yo kontwole mande otorite konsène yo nan yon obligasyon legal pou yo soumèt devan komisyon an totalite rapò sou ankèt ki tap chache wè si Larisi te mele nan eleksyon prezidansyèl 2016 la -yon rapò pwokirè espesyal Robert Mueller te prepare.

XS
SM
MD
LG