Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal nan Washington, d.c, Mande pou Kenbe Ajan Sekrè Ris Maria Butina Nan Prizon.


Yon Foto Grafis Desinen Montre Maria Butina Devan yon Jij nan Tribinal. nan Dat 18 Jiyè 2018. AP/ Dana Verkouteren.
Yon Foto Grafis Desinen Montre Maria Butina Devan yon Jij nan Tribinal. nan Dat 18 Jiyè 2018. AP/ Dana Verkouteren.

Yon juj federal pase lòd yè mèkredi pou kenbe nan prizon ajan sekrè russ Maria Butina, 29 van, paske genyen yon bon chans pou'l ta kouri kite Etazuni abò yon avyon nan direksyon Larisi.

Otorite ameriken te trennen Maria Butina devan yon tribinal nan Washington, d.c anba akizasyon konplotay e , anmèmtan tou, poutèt li tap travay kòm yon ajan sekrè Ozetazini, yon fason pou enfliyanse politik amerikèn nan. Pwokirè ameriken yo presize Maria Butina fè pati yon efò sekrè Larisi pase plizyè lane ap deplwaye pou gen lavwa o chapit nan politik Etazini. Demach sa a te pèmèt li fè zanmi ak gwo zotobre ameriken , dekwa pou defann enterè ris ozetazini. Maria Butina, ki te abiye ak yon unifòm prizon jonn abriko, pat montre okenn emosyon lè jij la te rann vèdik sa a kont li.

Ajan sekrè Larisi a te jwenn arestasyon li nan wikenn pase deske li tap chache enflitre gwo antite politiknan peyi a tankou Asosyasyon Nasyonal Zam Afe, NRA,nan moman li te an kontak ak responsab ris wo-grade nan Moskou.

Zak espyonaj sa a mache ak yon santans anviwon 5 kan prizon.

XS
SM
MD
LG