Accessibility links

Breaking News

Larisi: Otorite yo Poze Arestasyon Sitwayen Ameriken, Paul Whelan, Anba Akizasyon Espyonaj


Vil Moskou, Kapital Larisi. AP/Alexander Zemlianichenko
Vil Moskou, Kapital Larisi. AP/Alexander Zemlianichenko

Larisi mete yon sitwayen ameriken nan detansyon nan vil Moskou anba akizasyon zak espionaj dapre media leta rus la. Responsab Sèvis Sekirite Federal ris la fè parèt yon kominike lendi 31 desanm 2018 la pou di:

"Sitwayen ameriken Paul Whelan anba men otorite ris yo depi 28 desanm 2018 pase a. Li te jwenn arestasyon li pandan li tap mennen yon operasyon espyonaj nan Larisi, e ke yo deja louvri yon ankèt kriminèl sou dosye a.

Sepandan, sèvis sekirite federal Larisi a pa bay okenn lòt detay sou swadizan espyon ameriken an. Pandanstan, ajans nouvèl leta ris "Tass", rapòte mesye Whelan byen kapab fè fas ak yon santans plis pase 30 tan prizon si lajistis federasyon ris la rekonèt li koupab. Jiskaprezan, poko gen oken reyaksyon ki tonbe bò kote otorite ameriken yo sou kesyon an.

XS
SM
MD
LG