Accessibility links

Breaking News

Otorite yo nan Kito Bay Julian Assange Sitwayènte Ekwatoryèn


Patizan fondatè WikiLeaks la, Julian Assange, ki t ap manifeste devan andasad Ekwatè a nan Lond pou mande libète pou li kite La Grann Bretay.
Patizan fondatè WikiLeaks la, Julian Assange, ki t ap manifeste devan andasad Ekwatè a nan Lond pou mande libète pou li kite La Grann Bretay.

Fondatè Wikileaks la, Julian Assange --k ap viv depi 5 an kòm refijye politik nan anbasad peyi Ekwatè nan vil Lond, nan La Grand Bretay-- resevwa sitwayènte ekwatoryèn, daprè Minis Afè Etranjè Ekwatè a, Maria Fernanda Espinosa. Obsèvatè yo konsidere desizyon otorite yo nan Kito kòm yon tantativ echwe pou pèmèt Assange kite misyon diplomatik la san lapolis britanik pa arete li. Gouvèman Premye Minis Tereza May a rejte demand Ekwatè te fè pou yo ba li yon paspò diplomatik, sa ki ta pèmèt li kite anbasad la an tout sekirite.

Chèf diplomasi ekwatoryèn nan, Madam Espinosa, fè laprès konnen nan jounen jedi 11 janvye 2018 la: "Pou le moman Ekwatè ap anvizje lòt solisyon nan dyalòg avèk La Grann Bretay. Nou genyen yon kè-sote lejitim pou risk l ap kouri e pou entegrite fizik li. Nou pa pè nesesèman pou otorite britanik yo fè l yon bagay; men menas la ka sòti bò kote yon 3èm peyi."

XS
SM
MD
LG