Accessibility links

Breaking News

Avoka Julian Assange Ekzòte Ostrali pou l Fè Sa l Kapab Pou Fè Lage Militan an


Supporters hold a banner during a protest against the extradition of WikiLeaks' founder Julian Assange from Britain to the U.S., in Athens, Greece, June 20, 2022.
Supporters hold a banner during a protest against the extradition of WikiLeaks' founder Julian Assange from Britain to the U.S., in Athens, Greece, June 20, 2022.

Avoka k ap defann fondatè sit entènèt Wikileaks, Julian Assange, ap ekzòte gouvènman peyi Ostrali pou l fè kou l konnen pou fè lage militan an ki te pran nesans nan Queensland nan Ostrali. Grand Bretay gen pou l ekstrade Assange bay Etazini pou l responn akizasyon espyonaj, nan yon aksyon ke gouvènman britanik la te apwouve nan finisman semèn pase a.

Pou sipòtè li yo, Julian Assange se yon ewo ki, antwòt, te ekspoze an piblik tout move zak Etazini te komèt nan konfli Irak ak Afganistan. Yo ensiste pou di ke se politik ki dèyè tout aksyon lajistis k ap fèt kont li.

Men otorite nan Washington te fè konnen depi dèz ane ke tout dosye militè sekrè ak telegram diplomatik Etazini ke sit entènèt Assange la, Wikileaks, te pibliye a te vyole lwa espyonaj Etazini e mete lavi moun an danje.

Militan Julian Assange nan prizon an Grand Bretay, e Etazini vle fè ekstrade l pou li reponn 18 akizasyon kriminèl. Se vandredi 17 Jen pase a Minis Enteryè Grand Bretay Priti Patel te apwouve ekstradisyon Assange.

XS
SM
MD
LG