Accessibility links

Breaking News

Yon Jounalis Ris ap Vann Pri Nobel Lapè a Pou L Ede Timoun Ikrenyen yo


FILE PHOTO: Nobel Peace Prize 2021
FILE PHOTO: Nobel Peace Prize 2021

New York - Kisa yon Pri Nobel Lapè Koute?

Kesyon sa a byen kapab jwenn repons li nan sware jounen lendi a è yon jounalis ris, Dmitry Muratov, va fin vann ozanchè meday Pri Nobel Lapè li a. Antre lajan an pral jwenn INICEF dirèkteman pou apiye efò ajans Nasyonzini an ap fè pou ede timoun ke lagè deplase nan Ikrèn.

Muratov, ki te renpòte Pri Nobel la nan mwa doktòb 2021, te pote kontribisyon li nan kreyasyon jounal ris endepandan Novaya Gazeta e li te travay kòm redaktè an chèf jounal la jiskaske otorite yo te fèmen li nan mwa mas pase a nan moman Krèmlen an te lanse yon operasyon koukouwouj dèyè jounalis yo ak disidan yo imedyatman apre Larisi te envayi Ikrèn.

Se Muratov, li menm, ki te vini ak lide pou l vann pri li a ozanchè; dayè misye te deja anonse li ta pral ofri yon òganizasyon charite sòm 500 mil dola ki akonpaye pri a. Li deklare: “Objektif don an se bay timoun ki refijye yo yon chans pou yo prepare avni yo.”

Nan yon entèvyou Muratov bay Associated Press, li fè konnen li gen yon preyokipasyon espesyal pou timoun ki pèdi paran yo akoz lagè a nan Ikrèn. Li di: “Nou vle rebay timoun yo avni yo.”

Pri Nobel Lapè a ajoute li enpòtan pou sanksyon entènasyonal k ap peze sou Larisi yo pa anpeche moun ki nan bezwen resevwa èd imanitè tankou materyèl medikal ki ka konbat maladi ra ak kèk lòt ki ka sèvi nan transplantasyon mwèl.

XS
SM
MD
LG