Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Britanik la Apwouve Ekstradisyon Assange


Britain Assange
Britain Assange

Lond - Gouvènman britanik la pase lòd vandredi pou yo ekstrade Ozetazini fondantè WikiLeasks la, Julian Assange, pou l al reponn akizasyon deske li mele nan espyonaj –se yon gwo evolisyon nan afè a, men se poko fen yon pousuit legal ki la depi 10 zan. Wikileaks deklare li prale ann apèl avèk desizyon an; li gen 14 jou pou l fè sa.

Se Minis Enteryè britanik la, Priti Patel, ki siyen lòd ekstradisyon Assange la pou yo voye l Ozetazini kote li gen pou l reponn akizasyon dèske WikiLeaks te pibliye yon gwo kantite dokiman sekrè.

Desizyon an t ale sou biwo Minis Patel apre yon tribinal britanik te deside, nan mwa davril pase a, otorite yo te ka voye Assange Ozetazini kote yo ka jije li pou 17 chèf dakizasyon pou espyonaj ak yon chèf dakizasyon pou move itilizasyon òdinatè. Dapre lajistis amerikèn, Assange te vyole lalwa lè li te ede analis ameriken Chelsea Manning, ki t ap travay sou enfòmasyon sekrè pou lame amerikèn nan, vòlè kab diplomatik sekrè ak dosye militè ke WikiLeaks ta pral pibliye apre sa, sa ki te mete lavi kèk moun an danje.

Patizan ak avoka Julian Assange, ki gen 50 tan, reponn pou yo di li t ap fè travay jounalis li e li merite jwenn pwoteksyon daprè Premye Amandman Konstitisyon amerikèn nan ki pwoteje libète lapawòl apre misye te pibliye dokiman ki ekspoze move zak lame ameriken nan ta komèt nan Irak ak Afganistan. Dapre yo toujou, afe sa a gen rezon politik dèyè l epi Assange pa kapab genyen yon pwosè onèt Ozetazini.nbMadanm Julian Assange, Stella Assange, deklare:

“Jodi a se pa fen batay la. Se kòmansman yon long batay legal tou senpleman.”

Dapre li, desizyon Lagrann Bretay la fè jounen jodi a tounen “yon jou tris pou libète laprès ak demokrasi britanik la. Julian pa fè anyen ki mal. Li pa komèt okenn krim e li pa yon kriminèl. Li se yon jounalis ak yon enprimè; e y ap pini li paske li t ap fè travay li tou senpleman.”

XS
SM
MD
LG