Accessibility links

Breaking News

Assange Ranpòte Premye Etap Apèl li Kont Ekstradisyon Ozetazini


Foto Achiv: Fondate WikiLeaks la Julian Assange sou wout pou'l al nan tribinal nan vil Lond, Anglete, 1 Me, 2019.
Foto Achiv: Fondate WikiLeaks la Julian Assange sou wout pou'l al nan tribinal nan vil Lond, Anglete, 1 Me, 2019.

Fondatè WikiLeaks la, Julian Assange ranpòte premye etap jefò lap fè pou'l ranvèse yon desizyon on tribinal Britanik pran, ki ouvè pòt la pou ekstradisyon li Ozetazini, kote li va fè fas ak akizasyon espyonaj.

Kou d'Apèl Lond la bay Assange pèmisyon pou li ale ann apèl kont desizyon sa a nan Kou Siprèm Britanik la. Sepandan, fok Kou Siprèm nan aksepte ka a anvan li ka fè pwogrè.

Desizyon sa a, se dènye nan yon seri etap bagay Assange ap mennen depi lontan pou evite yon pwosè Ozetazini kote la jistis akize'l de yon seri krim ki gen rapò ak dokiman sekrè WikiLeaks te pibliye sa gen plis pase 10 zan desa.

XS
SM
MD
LG