Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Britanik Voye ka Ekstradisyon Assange la Bay Minis Enteryè Patel


Foto Achiv: Fondate WikiLeaks la Julian Assange sou wout pou'l al nan tribinal nan vil Lond, Anglete, 1 Me, 2019.
Foto Achiv: Fondate WikiLeaks la Julian Assange sou wout pou'l al nan tribinal nan vil Lond, Anglete, 1 Me, 2019.

Yon jij Britanik voye ka Julian Assange, PDG Wikileaks la bay minis enteryè Priti Patel, ki pral deside si wi ou non yo ta dwe ekstrade misye Ozetazini kote yo akize'l dèske li te pibliye ilegalman dokiman sekrè peyi Etazini.

Etap sila a nan sa ki finn tounen yon batay legal wo pwofil ki dire plizyè zane te vinn piblik pandan yon odyans nan vil Lond apre desizyon yon jij te pran nan mwad Mas la pou anpeche Assange, ki se yon Ostralyen, ale ann apèl kont ekstradisyon li.

Fok minis Pratel siyen lod ekstradisyon an, epi apre sa Assange ka eseye defye desizyon an. Nan ka konsa, yon panèl jidisyè te egzamine desizyon an epi pwononse yon desizyon.

Assange gen 50 an e Lèzetazini lanse 18 chèf d'akizasyon kont li. Ladann gen vyolasyon lwa espyonaj apre ke WikiLeaks te pibliye plizyè milye dokiman sekrè Ameriken an 2010.

Misye demanti li komèt okenn krim.

Assange fèmen nan prizon nan sidès Lond depi ane 2019, e anvan sa li te pran azil nan anbasad Ekwatè nan vil Lond, kote li te viv pandan 7 an.

XS
SM
MD
LG