Accessibility links

Breaking News

Sondaj: Skandal Dokiman Sekrè a Pa Afekte Popilarite Biden Ozetazini


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo nan Lamezonblanch, 20 Janvye 2023.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo nan Lamezonblanch, 20 Janvye 2023.

Yon nouvo sondaj montre gen plis adilt Ameriken ki pa kontan ak fason Prezidan Joe Biden jere dekouvèt dokiman sekrè lakay li ak nan ansyen biwo li.

Sepandan sanble sa pa gen anpil enpak sou santiman Ameriken yo vizavi travay li kom prezidan.

Nouvo sondaj la ke Associated Press fè ansanm ak Sant NORC pou Rechèch sou Zafè Piblik jwen gen 41% Ameriken ki apwouve fason Prezidan Biden ap jere peyi a. Nan mwad Desanm nan gen 43% pousan Ameriken ki te reponn yon fason favorab.

Nan nouvo sondaj la, 77% Demokrat apwouve fason Biden ap jere peyi a, tandiske 91% Repibliken yo pa apwouve.

XS
SM
MD
LG