Accessibility links

Breaking News

Demokrat: Biden ta Dwe 'Wont' ke yo Jwen Dokiman Sekrè Lakay li


Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo nan Lamezonblanch, 20 Janvye 2023.
Foto Achiv: Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo nan Lamezonblanch, 20 Janvye 2023.

Demokrat wo plase ap kritike Prezidan Joe Biden pou fason li te mal jere dokiman sekrè apre li te kite pos li kòm vis prezidan.

Yo di yo desi ke Lamezonblanch pat pi onèt ak piblik la.

Nouvo devlopman an vini Samdi apre avoka prezidan an te fè konnen ke FBI jwen kèk lòt dokiman lakay Biden nan vil Wilmington, eta Delaware Vandredi pandan yo tap fouye kay li. Yo di dokiman yo te gen etikèt sekrè sou yo. FBI sezi tou kèk nòt Biden te ekri ala men.

Dezyem Demokrat pi wo plase nan Kongrè a, Dick Durbin deklare Biden ta dwe "wont sityasyon an."

XS
SM
MD
LG