Accessibility links

Breaking News

Biden Fè Konsta Dega Move Tan Koze nan Kalifòni


Prezidan Joe Biden pale ak pwopriyete restoran Paradise Beach Grille la, Chuck Maier pandan vizit li nan Capitola, Kalifoni, 19 Janvye 2023.
Prezidan Joe Biden pale ak pwopriyete restoran Paradise Beach Grille la, Chuck Maier pandan vizit li nan Capitola, Kalifoni, 19 Janvye 2023.

Prezidan Joe Biden fè konsta zon nan eta Kalifoni ki sibi dega apre yon seri gwo move tan pandan semèn ki pase yo. Gen omwens 20 moun ki mouri epi 41 sou 58 awondisman eta a rapote anpil dega lakay yo.

Prezidan an te gen avè l Administratè Ajans Federal ki Jere Ka Ijans yo, Deanne Criswell, Gouvènè Kalifoni Gavin Newsom ak plizyè lot responsab lokal.

Prezidan Biden di:

" Nou fè konsta dega yo nan avyon men kontreman ak dega dife yo koze, ou paka vreman we tout dega yo le ou anlè a. Nou sivole tout zon eta ki sibi dega yo, kote gwo lapli tonbe. Zon sa yo soufri akoz gwo van, inodasyon, lavalas. Men toutotan ou pa desann al mache nan lari epi wè kantite pye bwa ki chavire, pale ak moun ki pami 20 mil kliyan ki pèdi elektrisite ou pa vreman gen yon bon ide. Kounyea gen mwenske 5,000 moun ki poko gen kouran."

Biden vizite awondisman Santa Cruz, kote li rankontre pwopriyetè biznis ak senp sitwayen ki abite nan zon nan.

Prezidan an te rankontre tou sekouris epi li te pwononse yon diskou.

FEMA (Ajans Federal ki Jere Ijans yo) deplwaye plis pase 500 anplwaye nan Kalifoni pou ede ak operasyon sekou ak netwayaj yo.

Ant 26 Desanm ak 17 Janvye Kalifoni resevwa plis pase 29 santimèt lapli ak nèj dapre Sant Prediksyon Meteyowoloji Nasyonal la. Gen kèk zon eta a ki resevwa 4 met edmi nèj.

Se yon fenomèn meteyowolojik ki rele "rivyè atmosferik" ki lakoz lapli ak nèj tonbe nan kalifoni pandan sezon ivè a. Fenomèn sa a se yon seri kolonn vapè dlo ki fome sou oseyan an epi flote nan lè a.

Gen 9 rivyè atmosferik ki frape Kalifoni depi fen mwad Desanm nan. Move tan sa yo sakaje eta a. Meteyowolojis yo di gen plis lapli ki pral tonbe sou eta a nan fen semèn nan, epi apre sa pral gen yon sechrès.

XS
SM
MD
LG