Accessibility links

Breaking News

Achiv Nasyonal Mande Ansyen prezidan Ameriken yo Tcheke Pou Dokiman Sekrè Lakay yo


Classified Documents
Classified Documents

WASHINGTON (AP) — Achiv Nasyonal te mande ansyen prezidan Ameriken yo ak tout ansyen vis prezidan yo pou yo tcheke dosye pèsonèl yo pou gade si pa gen dokiman sekrè lakay yo apre nouvèl tonbe ke yo jwenn dokiman sekrè kay Prezidan Joe Biden ak ansyen Vis Prezidan Mike Pence.

Achiv yo te voye yon lèt Jedi bay reprezantan ansyen prezidan yo ak vis prezidan yo, yo kòmanse apati de ansyen Prezidan Ronald Reagan jiska aktyèl prezidan pou asire ke yo respekte kesyon la Lwa pou sa ki gen rapò ak dosye Prezidansyèl.

Yo fè konnen nenpòt dosye ki kreye oswa resevwa pa prezidan pandan li te sou pouvwa se pwopriyete gouvènman ameriken e se achiv nasyonal ki responsab pou jere yo nan fen manda yo.

XS
SM
MD
LG