Accessibility links

Breaking News

Yo Jwen Dokiman Sekrè Lakay Ex-Vis Prezidan Mike Pence


Ansyen Vis Prezidan Etazini Mike Pence pandan yon dejene politik nan Manchester, New Hampshire, 17 Out, 2022.
Ansyen Vis Prezidan Etazini Mike Pence pandan yon dejene politik nan Manchester, New Hampshire, 17 Out, 2022.

Dapre avoka li, yo jwen dokiman ki make sekrè lakay ansyen Vis Prezidan Mike Pence nan eta Indiana semèn pase a.

Greg Jacob, avoka Pence la di Achiv Nasyonal nan yon lèt li voye ba yo semèn pase a ke yo te "mete dokiman yo nan bwat epi transpòte yo lakay Pence nan fen administrasyon Trump la san misye pat o kouran.

Avoka a di "Pence pat o kouran egzistans dokiman sansib oubyen sekrè nan rezidans pèsonèl li" e ke li "konprann enpòtans pou pwoteje enfòmasyon ki sansib ak sekrè e li pare pou kowopere konplètman ak Achiv Nasyonal la ak nempòt ki ankèt ki ta lanse sou kestyon an."

XS
SM
MD
LG